Rèl !
19 Feb 2025
Widly Jean, powèt ayisyen ki ekri « Jacques Stephen Alexis en vingt-deux morceaux de Soleil » abite jounen jounen jodia Nouyòk, Ozetazini. Widly Jean se yon pwofesè lekòl. Se ensekirite ki fè pwofesè sa ki anseye nan plizyè lekòl nan Pòtoprens ak lòt komin nan peyi a kite Ayiti. Lè l ap tande kòman bandi sènen peyi a, lè l wè kòman Leta peyi l pa gen ren ankò pou l reprann teritwa bandi yo ap pran jou aprè jou, li gen gwo lapenn. Lè l tande, nan Nouyòk siti, kòman bandi, nan komin Kenskòff, rive rache yon ti bebe 2 mwa nan men manman l epi lage ti lezany la nan dife, li pete yon rèl nan powèm sa.